• @tfhintl
  • Tfhintl
  • YouTube

© 2026 The Father's House International. Tout dwa rezève. · Konfidansyalite · Kondisyon

The Father's HouseInternational
  • Akèy
  • Sou nou
    • Apèsi
    • Sa nou kwè
    • Valè fondamantal nou
    • Anplwaye nou yo
  • Ministè yo
  • Multimedya
  • Evènman
  • Istwa
  • Bookstore
  • Kou
  • Bib la
  • Bay
ENHT
Konekte
Meni & paramèt
Akèy
Sou nouSa nou kwèValè fondamantal nouAnplwaye nou yo
Ministè yoMultimedyaEvènmanIstwaBookstoreKouBib laBayVin jwenn nouKontakte

Lang

  • Anglè (Etazini)
  • Kreyòl ayisyen
AkèyMultimedyaEvènmanMinistè yoBay

Sòm Yo 57

1Fè m gras, SENYÈ, O Bondye, fè m gras,
paske nanm mwen kache nan Ou.
Wi, nan lonbraj a zèl Ou, mwen va kache,
jiskaske destriksyon an fin pase.
2Mwen va kriye a Bondye Pi Wo a,
a Bondye ki acheve tout sa m mande an.
3Li va voye sòti nan syèl la pou sove mwen.
Li fè repwòch a sila ki foule mwen an. Tan
Bondye va voye fè rive lanmou dous Li ak verite Li.
4Nanm mwen rete pami lyon yo.
Mwen oblije kouche pami sila k ap respire dife yo.
Fis a lòm yo menm ak dan kon frenn file,
epi lang yo kon yon epe file.
5Leve anwo syèl yo, O Bondye;
Kite glwa Ou vin pi wo sou tout latè!
6Yo te prepare yon gwo filè pou pa mwen yo;
Nanm mwen koube ba.
Yo te fouye yon fòs devan m.
Yo te tonbe nan mitan li. Tan
7Kè m kanpe fèm, O Bondye,
kè m fèm.
Mwen va chante, wi mwen va chante lwanj!
8Leve, glwa mwen! Leve ap avèk gita!
Mwen va fè maten vin leve.
9Mwen va bay Ou remèsiman, O SENYÈ, pami pèp yo.
Mwen va chante lwanj ou pami nasyon yo.
10Paske lanmou dous Ou a gran jis rive nan syèl yo,
epi verite Ou jis rive nan nwaj yo.
11Leve anwo syèl yo, O Bondye.
Ke Glwa Ou kapab vin pi wo ke tout latè.

Haitian Creole Bible 2023. Free to use and share.